Jwenn repons rapid pou kesyon ou yo. Si ou pa jwenn sa w ap chèche a, kontakte ekip sipò nou an.
Kesyon sou rezèvasyon, peman, elatriye
Enskripsyon, peman, règleman
Pwoteksyon, asirans, èd ijans
YonKous se yon platfòm dijital ki konekte pasaje ak chofè moto taxi nan tout Ayiti. N ap itilize teknoloji modèn pou bay yon eksperyans transpò ki rapid, sekirize epi transparan.
Pou kounye a, n ap bay sèvis nan Pòtoprens ak anviwon li yo. N ap travay pou etann sèvis nou nan lòt vil yo byento.
Pri vwayaj yo depann de pri chofè a fikse. Aplikasyon an ap ba w yon estimasyon anvan w konfime vwayaj la. Pa gen ogmantasyon pri nan moman pik.
Aplikasyon YonKous ap disponib byento sou Google Play Store (Android) ak Apple App Store (iOS). Nou ap anonse dat lançman an sou rezo sosyal nou yo.
1. Louvri aplikasyon an
2. Antre adrès destinasyon w
3. Chwazi yon chofè disponib
4. Konfime kous la
5. Swiv chofè a an tan reyèl
Ou ka peye ak balans YONKOUS ou. Rechaje balans ou ak MonCash oswa lòt metòd peman dijital. Tout tranzaksyon yo sekirize 100%.
Wi, ou ka anile yon kous anvan chofè a deplase. Si w kansel apre chofè a nan wout vin jwenn ou, ou gen yon frè pou w ap peye, dok asire w ke w vle kous la.
Pandan yon vwayaj, ou ka itilize fonksyon "Pataje Vwayaj" pou voye detay vwayaj la (chofè, wout, tan estimasyon) bay yon zanmi oswa manm fanmi. Fè fanmi w mete aplikasyon sou telefòn yo tou.
Ale sou paj "Vin Chofè" epi ranpli fòmilè enskripsyon an. W ap bezwen: idantite verifye, yon moto an bon kondisyon, yon smartphone, ak peye 100 GDS frè patisipasyon.
Pwosesis verifikasyon an pran ant 24-48 èdtan. N ap rele w osi vit ke dokiman ou yo verifye.
Chofè ki travay 8-10 èdtan ka fè 4000-10000 GDS epi plis pa jou. Revni w depann de konbyen kous ou fè ak lè ou travay.
Lajan w otomatikman ajoute nan balans ou apre chak kous. Ou ka retire lajan w gratis lakay ajan YonKous yo nenpòt lè.
Nou verifye tout chofè, nou bay swivi GPS an tan reyèl, nou gen bouton ijans nan aplikasyon an, epi tout vwayaj yo gen kouvèti asirans.
Peze bouton ijans nan aplikasyon an. N ap kontakte otorite konpetan yo imedyatman epi n ap voye sipò. Ou ka rele 911 tou oswa kontakte sipò YonKous 24/7.
Apre vwayaj la, ou ka rapòte pwoblèm nan nan aplikasyon an. Ekip nou ap envestige imedyatman epi pran mezi apwopriye yo.
Kontakte sipò nou 24/7 pou yon asistans pèsonalize
WhatsApp: +509 31-07-18-90
Kontakte NouDevelopper par SagaceTech | Contact: +1 563-468-0355